Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Lapolis libere yon dam bandi te kidnape jou ki te 29 dawout la

Lapolis libere jodi mèkredi 24 dawout la nan Site Doudoun yon dam ki gen 39 lane bandi te kidnape depi 12 dawout nan Dèlma 31. Gen 2 prezime bandi ki jwenn lanmò yo pandan operasyon sa.

Nan yon nòt pou laprès, lapolis nasyonal fè konnen nan kad yon operasyon ki mennen jounen mèkredi 24 dawout la nan Site Doudoune, nan komin Kwadèboukè, gen yon dam 39 lane bandi te kidnape depi kèk jou ki jwenn liberasyon l.

Pandan operasyon sa n ap mennen gen 2 endividi ki mouri nan echanj kout zam avèk Lapolis. Endividi sa yo se Samuel Joseph ak Guemson Joseph, daprè enfòmasyon enstitisyon an mete piblik.

Yon lòt kote enstitisyon an presize ke se yon ekip UDMO ak CIMO ki mete ansanm avèk Komisarya Kwadèboukè ki mennen operasyon sa nan Site Doudoun, anpil bandi itilize pou kache epi poze move zak sou popilasyon an.

Viktim nan ki pase 12 jou anba men malfra yo ap eksplike kòman peryòd sa te difisil pou li epi pwofite remèsye Lapolis ki libere l anba men atoufè yo.