Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Mouvman NouKonsyan denonse evolisyon sitiyasyon kriz san parèy ki nan peyi a

Mouvman « Noukonsyan » denonse evolisyon sitiyasyon kriz san parèy nan peyi Dayiti a. Mouvman an estime fòk gen volonte nan mitan chak gwoup òganize nan sosyete a pou pwoblèm ensekirite a kapab rezoud.

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye vandredi 22 oktòb la, Noukonsyan di li konstate prèske 3 mwa aprè asasina prezidan Jovenel Moïse la, bagay yo vin pi malouk sou plan sosyal, ekonomik ak politik chak jou ki pase. Nan sans sa, Noukonsyan denonse enkapasite gouvènman Ariel Henry a pou pote solisyon ak yon latriye pwoblèm popilasyon an ap fè fas chak jou.

Pou estrikti a, lavi chè, ensekirite(kidnapin pwograme) ak rate gaz se kèk pami pwoblèm ki mande yon solisyon rapid. Yon lòt kote, Noukonsyan di li pran nòt sou nominasyon Frantz Elbé, nouvo direktè jeneral PNH la aprè demisyon Léon Charles.

Sepandan, Noukonsyan fè konnen fòk popilasyon an klè, paske pwoblèm ensekirite a p ap ka rezoud avèk chanjman direktè jeneral la sèlman si pa gen bon jan volonte politik pou rezoud pwoblèm nan. Pou Noukonsyan, fòk gen volonte nan mitan chak gwoup òganize nan sosyete a epi fòk sitwayen yo mete ak PNH la pou pwoblèm ensekirite a kapab rezoud tout bon vre.