Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Nèg ak zam vòlè yon machin anbilans pou Sant Anbilansye Nasyonal

Jedi 6 janvye 2022 a, nèg ak zam rive vòlè yon machin anbilans ki pou Sant Anbilansye Nasyonal bò 7è50 nan aswè sou avni Panamerikèn, zòn mòn Laza kote bandi yo tap opere.

Nan yon nòt pou laprès ke Sant Anbilansye Nasyonal met deyò, li fè konnen ke nèg ak zam rive vòlè yon machin anbilans ayè ki te jedi 6 janvye 2022 a sou avni Panamerikèn nan zòn Mòn Laza.

Enstitisyon an kontinye poul fè konnen ke plak machin nan se DM-00147, Mobil 123 e lap mande popilasyon an rete veyatif pandan ke lapolis ap fè demach ak tout enstans ki konsène yo, pou kapab jwenn anbilans lan.

Nap fè n sonje ke bandi ki te vòlè machin anbilans lan te rive sasinen 2 ajan sekirite nan moman yo tap fè aksyon an nan zòn Mòn Laza.