Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Pati Fizyon kondane tantativ sasinay ki te fèt sou premye minis Ariel Henry nan Gonayiv

Premye janvye 2022 a ki te make dat selebrasyon 218e anivèsè endepandans Ayiti, Premye minis Ariel Henry te ale nan vil Gonayiv jan tradisyon an mande sa a poul tal selebre fèt la men li te rive kite vil la anba anpil katouch. Poutèt sa, pati politik Fizyon Sosyal Demokrat Ayisyen soti yon nòt poul kondane tantativ sasinay sila a ki te fèt sou Premye minis lan.

Nan yon nòt pou laprès ke pati Fizyon Sosyal Demokrat mete deyò, li kondane ak tout fòs li tantativ sasinay ki te fèt sou Premye minis Ariel Henry ak tout delegasyon ki te akonpanyel nan vil Gonayiv jou ki te premye janvye 2022 nan okazyon selebrasyon 218èm fèt endepandans peyi a.

Pati Fizyon kontinye poul fè konnen ke premye janvye se yon dat senbolik ki enpotan pou tout Ayisyen otantik e se poutèt sa yo kontinye pou mande tout fòs polis ak tout fòs jistis peyi a mete men nan kòlèt tout kriminèl ak tout akolit san fwa ni lwa ki enplike nan zak sila a ke kòd penal la kondane.

Fizyon kontinye poul fè konnen ke zak sila a lakoz lanmò yon sitwayen e lakoz lot viktim e pati politik la koube l byen ba devan kadav sitwayen sila a e pwofite prezante kondoleyans li bay fanmi, zanmi viktim nan.

Pati Fizyon Sosyal Demokrat Ayisyen pwofite poul lanse yon apèl bay tout moun ki vle yon chanjman pou peyi a nan lane 2022 a pou yo vin chita ak moun ki nan akò 11 septanm nan pou kapab koupe fache ak ansyen sistèm lan tout bon vre e pou kapab gen bon jan eleksyon demokratik nan peyi a.