Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti/Politik: Pou pati politik OPL, misyon Ariel Henry rive nan bout li lontan sa

Pati politik ki rele Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL) fè konnen ke misyon Ariel Henry kòm Premye minis nan tèt peyi a pran fen lontan sa. Li akize doktè Ariel Henry kòm 3e vèsyon PHTK kap kraze sistèm gouvènans peyi a nan aranjel pou pa gen eleksyon nan peyi a. Poutèt sa, OPL mande pou tout aktè mete tèt yo ansanm pou kapab jwenn yon solisyon pou rezoud kriz sa a nan peyi a.

Depi plizyè mwa, peyi a konnen yon kriz san parèy kote tout enstitisyon leta yo preske pap fonksyone e depi apre zak sasinay ki te fèt sou prezidan Jovenel Moïse la, peyi a poko ka gen okenn prezidan e okenn eleksyon poko ka reyalize.

Estrikti politik ki rele Òganizasyon Pèp kap Lite a ki fè konsta sa a soti yon nòt pou laprès jodi jedi 10 fevriye 2022 a e li fè konnen ke Ariel Henry pa gen okenn misyon ankò paske misyon kel te genyen kòm Premye minis nan peyi a rive nan bout li lontan sa.

OPL lonje dwèt sou rejim PHTK a ki kenbe renn peyi a depi 10 lane e fè konnen ke se yo ki lakoz dat 7 fevriye ki se yon dat senbolik ak legal, rive detui etap pa etap.

Nan nòt pou laprès sila a Òganizasyon Pèp kap Lite kontinye poul fè konnen ke Ariel Henry se kontinite rejim PHTK a e li se 3e vèsyon an e se li ki aranje l pou pa rive genyen eleksyon nan peyi a pou kapab gen yon nouvo Prezidan jan Konstitisyon an mande sa.

OPL kontinye poul fè konnen ke Ariel Henry ki te chita sou atik 149 konstitisyon an pou l te fè konnen ke l te ka dirije leta a aprè asasinay Prezidan Jovenel Moïse la, daprè menm atik sa a doktè Ariel Henry pa gen okenn pwovizyon legal pou l ranpli misyon nan tèt leta a.

« OPL pran nòt sou pil ak pakèt deklarasyon, revelasyon ki vin mare pye minis defakto a nan zafè sasinay Prezidan Jovenel Moïse la. Dènye atik jounal entènasyonal ki tabli responsablite doktè Ariel Henry nan zak sasinay la, selon deklarasyon jij kap enstui dosye a, mete Larepiblik nan tèt chaje. » se sa ke nou kapab li nan nòt la

Fas ak sitiyasyon difisil ke peyi a ap travèse a, OPL kwè ke chak moun sipoze mezire feblès yo, bese pretansyon yo, konsidere mizè ak soufrans popilasyon an pandan ke yap chèche konsansis nan patisipe nan dyalòg pou retire peyi a nan kalimite sa a ke l ye a.

OPL kwè ke se sèlman yon konsansis laj avèk patisipasyon plizyè sektè nan lavi nasyonal la ki kapab bay nenpot moun otorite nan peyi a pou kapab manyen gwo dosye enpotan tankou kwape ensekirite a, revize konstitisyon, refòm nan sistèm jistis la ak mete yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou kapab oganize bon jan eleksyon nan peyi a e Ariel Henry pa gen okenn kalite pou l manyen dosye sa yo.

Òganizasyon Pèp kap Lite ankouraje yon chita pale ant tout aktè pou kapab diskite e rive jwenn yon solisyon pou kapab debloke peyi a e li mande Biwo Suivi Akò Montana, gouvènman Ariel Henry ke l di defakto , 10 Senatè ki an fonksyon yo ak lot aktè anko pou chita pale pou kapab jwenn yon konsansis pou kapab chwazi otorite ki pou jere tranzisyon an pou kapab mete peyi a sou liy chanjman an.