Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti-Sekirite : lapolis arete plizyè bandi manb 400 Mawozo nan depatman Sant

Nan kad operasyon Direksyon Depatmantal Sant lan mennen wikenn pase a, Lapolis nan Mibalè entèpele 6 endividi. Plizyè nan yo, se manb 400 Mawozo kap opere nan Kwadèboukè.

Nan yon nòt pibliye sou paj Fesbouk li, lapolis nasyonal fè konnen 6 prezime bandi arete pandan wikenn pase a nan Mibalè, yon komin ki trouvel nan depatman Sant peyi a. Ladan yo gen plizyè ki fè pati gwoup gang ki rele 400 Mawozo a k ap opere depi kèk tan nan komin Kwadèboukè a.

Selon nòt PNH la, endividi sa yo se Lubin Marie Venchelle, 25 lane, moun Kwadèboukè, madanm Dony Camille; Dony Camille, 34 lane, moun Kwadèboukè. « Se youn nan moun ki te prezan lè yo t’ale pran Enspektè Réginald Laleau nan legliz la nan moman yo ta pral asasine li nan dimanch 24 jiyè pase », se sa PNH la endike.

Epi gen Fontus Manicile, 36 lane, moun Domon, epi se madanm Pouchon ki se chèf gang nan Domon, Cherelus Makenson, alyas » Ti kanada », 38 lane, moun Kwadèboukè. Lapolis arete’l nan Komin Laskawobas ; Senat Jean Yves, alyas  » Pouchon », 40 lane, yon chèf gang nan Domon alye Pè Lebren 400 Mawozo ke Lapolis nan Depatman Sant tap chèche depi lontan ; Orelien Edith, 64 lane, madanm Fantom ki te bay prezime 400 Mawozo yo kay pou te kache.

Pou kounya, moun sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou defere yo devan enstans konsène pou swit legal yo.