Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti-Sekirite : Yon manb enfliyan gwoup gang 400 Mawozo a arete

Lapolis nan Kwadèboukè arete jou ki te dimanch 7 dawout la Shimiguè Joseph. Se youn nan manb enfliyan òganizasyon kriminèl yo rele “400 Mawozo” ki enplike nan divès move zak tankou kidnapin, asasina, vòlè machin epi fè resèt nan men komèsan.

Pandan li tap reponn kesyon Lapolis, Shimiguè Joseph rekonèt li te konn travay pou chèf gang “Kòlèg” kòm bòs fewoni sepandan li voye jete akizasyon kòm kwa li ta fè pati gang lan kontrèman ak enfòmasyon Lapolis dispoze.

Enstitisyon polisyè a fè konnen nan yon kominike ke, Direksyon Santral Lapolis Jidisyè ap prepare dosye l avan yo defere l devan jij pou li kapab reponn konsènan sa yo repwoche l.