Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : Yon gwoup sitwayen di yo pa pran nan pawòl Ministè Sante Piblik la ki vle fè kwè se yon epidemi fyèv ak grip ki genyen nan peyi a

Plizyè kote nan pòtoprens, anpil sitwayen pa kache pou yo di ke ministè sante piblik bay manti lè l di ke ti fyèv la ak ti grip la se yon epidemi ki vini parapò ak sezon an. Yo kontinye pou yo di ke si sete yon verite, anpil peyi nan mond lan pata rive genyen l an menm tan. Poutèt sa yo mande minis sante a pou l resezil pou l pa lakoz popilasyon an tonbe nan plis pwoblèm sante.

Depi plizyè jou, gen yon koze ti fyèv ak ti grip kap frape anpil moun nan peyi a kote ke depi l pran yon moun, li kraze tout manm li jiskaske li rive metel kouche.

Nou devan SONAPI nan twamen, nou rive kesyone yon sitwayen sou sijè sa a e li reponn poul di ke ministè a fè yon gwo betiz lè l di ke ti fyèv la ak ti grip la se yon epidemi ki genyen nan peyi a akoz sezon an.

Sitwayen an kontinye pou l fè konnen ke anpil ayisyen li pale ak yo kap viv nan lot peyi tankou chili, brezil ak lot ankò ap plenyen anba fyèv ak grip la pandan ke nou menm an Ayiti nou pa gen menm sezon ak yo.

Yon lot gwoup sitwayen ke nou te rive jwenn kafou ayopò pat mete dlo nan bouch yo pou yo di ke yo doute anpil pou se pa kowona maladi sa a ye paske epa selman Ayiti lap frape konsa e yo mande responsab ministè sante piblik yo pou yo pran san yo nan travay ke yap fè a.

Yon lot sitwayen pat pè poul te di ke minis sante a pran desizyon poul di sa jis poul kapab fè popilasyon an kwè nan li paskel wè ke majorite moun yo pa kwè nan maladi kowona a epil pwofite jwe sou sa.

Poutèt sa,sitwayen an mande minis lan fè travay li jan sa dwe ye oubyen si l rekonèt ke l pa kapab, poul bay vag paske peyi a deja gen pwoblèm, nou pa sipoze kite vye maladi vin ogmante pwoblèm nou pi plis.

Nap raple ke se nan on konferans pou laprès jou ki te jedi 6 janvye 2022 a ke responsab ministè sante piblik yo te rive di ke se yon epidemi fyèv ki genyen, popilasyon an pa bezwen fè kè sote pandan ke yap respekte tout prensip sante yo.