Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

BON FÈT LENDEPANDANS

Chak moun gen yon jou, yon dat ofisyèl li fèt. Yon dat enpòtan nan lavi l. Se menm jan pou chak kolektivite : chak Leta, chak pèp, chak peyi genyen yon dat li fèt. Peyi d Ayiti kale nan dat 1e janvye 1804. Kidonk li fèt premye jou nan lane a, joudlan, jan pèp la renmen di sa nan lang pa l.

Pou nou chak grenn Ayisyen, 1e janvye ki se premye jou nan nouvo lane (joudlan), se dabò e avan tout lòt bagay fèt anivèsè peyi a. Se yon nouvo lane Ayisyen toupatou sou latè beni ap konte depi zansèt li yo nan koloni Sendomeng te kase chenn lesklavaj epi pwoklame solanèlman jou sa a kòm jou fèt Endepandans peyi d Ayiti. Ayiti Toma. Ayiti Cheri. Ayiti kinan annou.

An n aprann fete, an n aprann selebre jou fèt anivèsè peyi nou nan lajwa, nan lanmou, avèk fyète ak diyite, an fanmi ou an kominote, kèlkeswa koulè tan an, kèlkeswa kote nou ye anndan peyi a oubyen lòt bò dlo, lòt bò fwontyè nan peyi etranje.

An n kòmanse apati lane 2023 pou n selebre an gran nan fon kè nou, nan lespri nou, nan tout fòm manifestasyon vizib n ap fè, jou anivèsè fèt Endepandans nou kòm pèp, premye janvye (joudlan). An n selebre kon sa chak ane. Pi gran, pi grandyoz, pi bèl, pou n prepare lespri nou jouk nou rive nan lane 2054, pou nou fete 250 lane Endepandans peyi d Ayiti nan nivo, nan dimansyon istwa nou kòm pèp vanyan.

Pandan n ap envite chak grenn sitwayen Ayisyen, kèlkeswa kote ou ye andedan oubyen deyò peyi a, pran bon dispozisyon pou fè ane 2023 a pi bon pou ou, men sitou pi bon pou peyi a ki sot monte pandan tout lane 2022 yon kalvè pa do. 2022 te pote tribilasyon pou pèp ayisyen sou tout plan : POLITIK, EKONOMIK, SOSYAL, KILTIRÈL, elatriye…

An nou chak pran angajman travay depi jodi a pou délivrans ak byennèt pèp Ayisyen!
#KonSaDemenSeVaYonLòtPeyi.

Bon travèse pou lane 2022, Bòn ane 2023 epi Bon fèt Lendepandans peyi d Ayiti!!!

✓ Pataje « Soup Joumou » ( Patrimwàn kiltirèl limanite)

#250Ane_Endepandans_Ayiti_An2054.

#Soup_Joumou_PKL.

30 / 12 / 2022.

Jean Evens Benoit
Kowòdonatè OPL – Dèlma.