Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Cryptorchidie/kriptòkidi Mwen vle palé nou de yon sijè trè enpòtan ralé chèz nou vin tandé aprè na patajél ak 2 ,3 zanmi nou. #kisal yé?

Cryptorchidie/kriptòkidi
Mwen vle palé nou de yon sijè trè enpòtan ralé chèz nou vin tandé aprè na patajél ak 2 ,3 zanmi nou.
kisal yé?
Se yon pwoblèm ou jwenn kay ti gason yo sèlman , problèm sa afekté 20 à 30% timoun ki fèt prématuré ( sa ki fèt avan 9 mwa ), 2 à 4% timoun ki fèt à tèm ( a 9 mwa) .

♧Kijan l manifésté?
Se testikil yo (boul grenn yo) ki pa desann nan sak la , sa vle di lèw touchel ou santi sak la vid li pa gen boul , nan majorité ka se yonn sèl boul ki pa desann men pafwa se tou 2 men li ra pou se tou 2.

♧Ki wòl boul grenn yo?
_ yo pèmèt pwodiksyon spèm yo , se la menm spèm lan fòmé
_ li prodwi òmon maskilen an ki se testosteròn

♧Kisa ki pase ak boul yo?
Pandan timoun lan ap fòmé à nan vant manmanl sa ka rivé li sibi yon mal fòmasyon , demi nan 3ème mwa gwosès la jiska 9 mwa testikil yo dwé ap desann nan sak yo , lèl pa rivé desann li konn rété nan bò lènn timoun nan wap santi sa Siw touchel oubyen li rete nan abdomen (vant) li , se sa ki rélé kritòkidi à.

♧Kèk rezon ki ka koz yon timoun genyen problèm sa
_ nesans prematuré( fèt avan 9 mwa)
_ si papa timoun lan te genyenl oubyen yon frè kèlkonk.
Ki sentòm li ka présenté?
Li pa prezanté pyès sentòm , li pa Bay ni doulè ni malèz men si pa gen entèvansyon ki fèt li ka gen gwo konsekans sou timoun nan.

♧Ki konsékans li genyen sou timoun lan?
Spèmatozoyid yo vin pa gen bòn kalité nou konnen se nan sak la pou spèm nan fòmé ak yon tanperati 33 jiska 34°c e lèl rété nan vant lan li vin genyen yon tanperati 37°c , e depi spèm yo pa gen bòn kalité vin gen problèm pou moun sa prodwi ki donk li paka fè pitit.
5% chans si se yon sèl ki pa desann e si se tou 2 ki pa desann nan sak la 50% chans poul pa ka fè petit.

♧Eske gen tretman pou sa?
Wi gen trètman , trètman ki nésésè à se operasyon pou yo mete testikil yo nan sak yo .
Siw pa fè l non selman li kapab pa ka fè pitit konsa tou li gen risk poul gen kansè à lavni.
Testikil la ka vin kòdé (torsion)
Bò lènn li ka vin sansib .
Men konsèy mwen pou nou
Lèn fè yon timoun toujou vérifye si tou 2 boul yo nan sak yo depi lèl fèt jis li gen 6 mwa rivé 1 an , siw pa remaké li al kay doktè touswit
Pou évité tout konsekans yo .
Nurse Linoue

    Leave A Comment