Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

E si Ayisyen ta deside pran desten politik li tout bon?

Danio Siriack kwè dènye pawòl Chaje dafè an, Kenneth Merten fè sou politisyen Ayisyen yo ka itil.

Pi gwo pawòl politik ki pale nan peyi a 2e semèn mwa avril la se deklarasyon diplomat reprezantan Etazini an Ayiti a , Kenneth Merten, ki di politisyen Ayisyen yo se yon bann iresponsab. Pawòl la fò, pawòl la di, men eske se yon manti total ? Eske nou dwe fache oubyen nou dwe sèvi ak pawòl la pou nou, non selman antann nou poun fè peyi nou vanse an menm tan kraze enfliyans etranje yo nan zafè politik peyi nou ?

Djòb rezoud kriz Ayiti a an reyalite pa pou Etazini paske nan kontèks jeopolitik lap viv la, rantre twò fon nan zafè Ayiti pap bon pou li. Nan yon lòt tan, nan yon lòt kontèks politik li tap fè plis ke sa depi li tap pote gwo benefis pou li.

Anbasadè Merten pa vle pèsonn moun konte sou Etazini pou vin rezoud kriz an Ayiti. Se nòmal. Li kòrèk nan deklarasyon an. Dwa granmoun, peyi endepandan nou toujou ap defann nan pa pèmèt nou tou, rele Etazini vin rezoud kriz pou nou. Diplomat la di pi lwen, li pa fasil pou Etazini ta mete tout aktè Ayisyen chita sou yon menm tab.
Men li fè kòmsi li bliye se Etazini ak tout akolit li nan entènasyonal la ki enpoze nou tout move dirijan politik ki depatcha sistèm gouvènans peyi a pandan 15 dènye lane yo. Gwo patwon sa toujou kanpe an fas tout pwojè politik Ayisyen ki pa ale nan sans li. Pandan lap Itilize konpetans pou fè devlopman ak Pwogrè pou byen nèt ameriken yo, li fè tout sal kapab pou enpoze nou medyokrite kòm mòd gouvènans. Jis kounye a pouvwa defakto ilegal ki la se Etazini ak akolit yo ( Kò gwoup ) ki enpoze nou li. Li pa ka mete nou chita sou menm tab poun dyaloge men li ka mete moun li vle okipe espas pouvwa nou jan li vle.

Si konpatriyòt ki angaje tout bon nan lavi politik peyi a, moun ki kwè nan Ayiti peyi zansèt yo: dwat, goch, sant, liberal, tout sektè ògnanize nan sosyete sivil la, nou ta dwe ranmase pawòl sa, nou sèvi avèl kòm sewòm epi nou di etranje a mèsi! Rale kò w !

Pou repons lan pi klè e pou l mennen nou nan pwogrè tout bon, moman politik la mande pou tout patriyotik rasanble, fè yon sèl poun ranvwaye pouvwa ilegal Kò gwoup la epi defini yon konsensis nasyonal poun dirije peyi a. Entènasyonal la sanble ta plis renmen nou fè akò ak bandi yo, yon fason pou peyi a toujou nan kriz ensekirite, enstabilite lè sa yap toujou gen pwogram pou nou tankou bagay ki rele ( BINI ) an.

Nou Ayisyen patriyotik jodi a : nou ta dwe antann nou nan kad yon konsensis poun leve defi sa yo :

1) Rezoud problèm sekirite ak kidnapin nan
2) Fè refòm ekonomik nan fè pwomosyon pou pwodiksyon ak envestisman nan peyi a
3) Fè refòm nan sistèm politik la nan òganize pati selon tandans yo yon fason poun rive diminye kantite a
4) Fè refòm nan sistèm élektoral la poun anpeche zam ak lajan sal kontwole l epi fasilite patisipasyon popilasyon an ladan l nan tout nivo.
5) Kraze sistèm enpinite a pou vwayou ak kriminèl sispann pyafe sou moun.

Mwen ban nou garanti si nou ka fè gwo manifestasyon patriyotik sa, nou pap lwen genyen batay la epi etranje ap sispann grenyen dan sou nou.

Danio SIRIACK
Tél : 3797-6766
siriackmedso@gemail.com