Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

E si sosyete Ayisyè n nan ta deside chanje mòdel Leta initil sa a?

Li difisil poun di rapidman ant Leta e sosyete e kiyès ki gen plis pouvwa, kiyès ki gen plis otorite. Nou pa enterese pou kounye a rantre nan deba pou presize ant Leta e Sosyete kiyès ki kreye lòt. Ti konpreyansyon nou pèmèt nou konprann se Leta ki òganize e dirije Sosyete kote ki gen Leta, men tout mwayen pou Leta fonksyone, pou Leta aji depann de sosyete li òganize e dirije a.

Anpil moun ap poze kesyon depi kèk tan pou konnen si gen Leta ou non an Ayiti men pèsonn pa poze kesyon pou konprann si Sosyete a ekziste ou non paske tout moun kwè yo se manm yon Sosyete Ayisyè n ki egziste, se òganize li pa oganize paske pifò moun ap soufri, pifò moun nan ensekirite e nan mizè. Sa vle di Leta pa fè travay li. Eske se paske li pa ekziste? Non. Leta ekziste. Se yon Leta fèb, yon iresponsab, yon Leta piyajè, yon Leta esklav oligachi kriminèl Ayiti a ak enperyalilis kolonyal la paske majorite moun ki nan tèt Leta pandan 30 dènye ane yo retire Leta nan misyon l ak vokassyon. Leta Ayiti a vin tounen yon Leta delenkan, yon Leta kriminèl, initil paske dirijan li yo kraze enstitisyon yo, yo rantre nan kolabore ak bandi, ak kriminèl. Olye yo travay pou evolisyon sosyete a, yo plis travay pou dezòganize Sosyete a, mete tout moun nan mizè ak ensekirite.

Youn nan dènye dram nou sot konnen nan peyi a, se ti avyon ki tonbe sou wout Kafou a apre fèt pak la kote 5 moun pou pi piti mouri, san konte si la yo ki blese. Apre dram lan tout moun ap tande direktè OFNAK la ( Ofis Avyasyon Sivil ) ki fè konnen ti avyon sa pat gen otorizasyon poul fè trafik. Men ki kote ti asvyon sa remize ? Ki kote li vole, li ateri? Se sou pis Ayewopò Leta, anba otorite direktè a. Ou pa tande gen pyès moun ki anba sanksyon apre gwo dezòd sa. Ayiti se sèl peyi kote bandi ap kase komisarya, pran zam ak minisyon. Se peyi yon maten ou tande yo kase Sena Repiblik la, yo pote anpil byen Leta ale. Alòske Palman an gen tout yon kò Polis kap ba li sekirite, yon pil moun kap touche lajan Leta chak mwa. Epi ou pa tande pyès moun arete ni anba sanksyon. Otorite nan pouvwa defakto a pa gen problèm pou al rale wout Pòtoprens, Petyon vil, Taraz, Kafou si yo pral nan gran Sid la olye yo pran dispozisyon kont bandi pou louvri pasaj Matisan ka tap pèmèt yo travèse nan 3 minit.

Lè yon Sosyete twouve l devan yon konsta konsa, li pa gen lòt chwa. Se travay pou chanje modèl Leta ki plonjel nan tout kalamite ki kontrè a sa Max Weber di nan  » Le Savant et la politique  » : Se Leta ki dwe genyen monopòl vyolans lejitim pou asire fonksyonnman nòmal Sosyete yo. Se nan sans nou kwè jodi a se pa vwa moun kap dechèpiye Leta yo, ki pa itil anyen an ki dwe pi enpòtan nan kad demach solisyon pou kriz la. Se pito vwa, pwopozisyon fòs òganize yo nan Sosyete a ki dwe pi enpòtan. Sossye a dwe mobilize fòs li, Itilize tout zouti demokratik posib poul demaske Leta initil sa. Modèl dirijan Ayisyen sa yo ki fè Leta tounen yon Leta delenkan an ekate. Tout sa ki merite sanksyon dwe al pije pèn yo pou zak malonèt yo komèt. Men fòs òganize yo nan Sosyete a dwe fè jefò pou dejaje yon konsensis ki pote yon vizyon nouvèl sèl moun onèt kredib, konpetan ka devlope nan objektif Pwogrè ak devlopman peyi a pou byen èt tout moun, ak yon Leta fò e responsab.

Danio SIRIACK
Tel: 3797-6766
siriackmedso@gemail.com