Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

E si Steeven Irvenson Benoit ta vin Premye minis tout bon?

Menm moun ki pa renmen Senatè Steeven Benoit rekonèt li se yon nèg serye, yon patriyòt ki fè prèv li deja lè l te Depite, Senatè, e konpòtman li Kòm òm politik pa janm efase diyite li. Li toujou mennen batay politik ki vize amelyorasyon kondisyon vi mas pèp la ak sosyete a an jeneral. Se sitwayen sa majorite delege ki reprezante plis pase anpil sektè sosyete sivil ak pati politik nan peyi te chwazi nan eleksyon endirèk ki te fèt nan dat 30 janvye 2022 a nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an. Se te yon gwo evennman tout peyi a ak entènasyonal la te branche sou li.

Gen 4 rezon ki fè peyi a bezwen yon Premye minis tankou Steeven Irvenson Benoit:

1) Premye minis Aryel ki la depi 7 mwa pa regle anyen pou peyi a, li pa gen kapasite pou rezoud oken pwoblèm.
2) Li se yon premye minis ilegal.
3) Se daso li pran pouvwa pèp la.
4) Gen yon pakèt pwoblèm ki pou rezoud tankou : ensekirite, kidnaping, konbat kòripsyon nan Leta, fè enstitisyon yo fonksyone, travay pou viktim yo jwenn jistis, refòme sistèm elektoral la, travay pou kraze lavi chè a, epi fè eleksyon jeneral san koken ak posiblite pou tout popilasyon an, tout pati politik patisipe.

Pou rezoud pwoblèm ensekirite a : Se Steeven Benoit sosyete a ap tann pran tèt gouvènman an. Li ka rezoud pwoblèm lan paske li pa nan konfyolo, nan asosiyasyon ak pyès gang. Kòm Premye minis lap rann Lapolis, Lajistis ak tout lòt enstitisyon Leta konfòtab pou retabli sekirite nan peyi a.

Pou fè enstitisyon Leta yo mache : Se Steeven Benoit ki ka fasilite pi bon antant nan peyi a paske li pa yon moun konfliktyèl, li ka pale ak tout kouch, li pa nan klan ak pèsonn.

Pou bese lavi chè a, amelyore kondisyon travay ouvriye yo : Se Steeven Benoit poun genyen Kòm Premye minis. Tout moun konnen li sansib pou salè minimòm ouvriye, men lap toujou konsidere enterè patwon yo tou, paske se yon moun ki byen konprann reyalite peyi a. Sa kap pi bon pou patwon yo se pa yon mendèv a bon mache non. Se estabilite pou fonksyone nan lapè, trankilite ak sekirite. Se sa kap pote gwo pwofi pou ni patwon, ni ouvriye.

Poun ka reyalize bon eleksyon nan peyi a : Nou bezwen Steeven Irvenson Benoit Premye minis paske li gen yon repitasyon moun ki pa koken. Depi nan fòmasyon KEP li pap nan zafè pran kontwòl moun yo pou al fè eleksyon pou ekip li. Peyi a ap resi soti nan eleksyon magouy, eleksyon tèt anba, eleksyon san pèp kote se vakabon, kriminèl kap depite ak Senatè pou al pyafe nan Palman, kote se fo lidè kap vin Prezidan peyi a. Nou bezwen Steeven Irvenson Benoit kòm Premye minis pou ede nou soti nan mòd politik sa ki toujou plonje nou nan kriz apre chak eleksyon an.