Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ensekirite : Yon gwoup nèg ak zam detounen yon ti bis ak 10 pasajè ladan

Yon gwoup nèg ak zam moun pa rive idantifye detounen yon ti bis ki asire transpò Dèlma ak Pòtoprens jodi jedi 20 me a. Aksyon sa pase nan zòn estad « Sylvio Cator » nan sant vil Kapital la.

Chofè bis la te rann nouvèl la piblik nan yon entèvansyon li te genyen nan jounal « Premye Okazyon » sou radyo Karayib jodi jedi 20 me a.

Zak sa fèt sou ti bis mak « Nissan Urvan ». Endividi ki komèt aksyon an te anndan machin nan, daprè sa chofè a rapòte. Yo te pwofite okazyon sa pou rale zam sou chofè a epi fòse l desann pou pran kontwòl machin nan ak tout pasaje yo.

Aprè aksyon sa fin pase, chofè a pat an mezi poul te idantifye direksyon nèg ak zam sa yo te pran ak machin nan. Jiska dat pèsòn poko konnen ki kote ti bis sa twouve l  ak 10 pasajè ki ladann yo.

Aksyon rive nan mwens pase yon mwa apre plizyè gwoup gang te deside pran yon pozisyon sou zak kidnapin k ap fèt nan peyi a, apre yon antant ak pouvwa anplas la.

    Leave A Comment