Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Gonayiv: Plizyè kote inonde apre yon lapli ki fè pou pi piti 30 minit ap tonbe

Apre yon lapli ki pa fè anpil tan ap tonbe, plizyè kote nan Gonayiv inonde e anpil moun nan lari pandan yap mande pou pwoteksyon sivil pote yo sekou.

Jodi madi 10 me 2022 a, moun nan kek zòn nan Gonayiv pase move moman apre yon lapli fin fè pi piti 30 minit ap tonbe e sa rive lakoz anpil kay inonde.

Daprè enfomasyon ki rive jwenn nou, katastwòf sila a rive apre ravin « byenak » la fin pete e li rive inonde e menm kraze plizyè kay li jwenn sou wout li.

Daprè enfomasyon ki rive jwenn nou, vilaj gadro rive inonde e anpil moun pèdi tout sa yo te genyen anba dlo sila a ki pete a.

Yon sitwayen ki te nan on kay nan gatro 15 te rive pale nan telefon ak nou, rive fè konnen li pa gentan sove anyen fas ak sitiyasyon sila a okontrè, li fè konnen si li pat vijilan, li tap rive viktim fizikman.

Aprè sitiyasyon sa a anpil moun nan zòn nan oblije pran lari pou yo pandan yap mande pou pwoteksyon sivil pote yo sekou prese prese.