Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Gwo tansyon sou wout nèf la: Lapolis ap fè fas kare ak bandi Kanaran

Yon gwoup bandi ki pran refij yo kanaran ap fè fas kare jedi 17 mas la ak lapolis sou wout nèf la, sa ki kreye yon gwo panik nan zòn nan (8è 15 nan aswè) kote anpil moun ki tap soti sou wout nasyonal nimewo 1 an oblije kase tèt tounen e al pwoteje tèt yo Titanyen daprè sa jounalis Ysmick Saint-Vélus ki sou plas fè jounal la konnen.

Gen yon gwo tansyon sou wout nèf la jodi jedi 17 mas 2022 a tout a 8è 15 nan aswè, kote ke on gwoup bandi Kanaran ki ap tire ansanm ak lapolis, sa ki kreye gwo panik nan zòn nan daprè sa jounalis Ysmick Saint-Vélus ki sou plas rive fè nou konnen.

Daprè enfomasyon ke konfrè a ban nou, tout moun ki te sou wout la oblije tounen e ale pran refij yon kote ki rele « La Fito » sou Titanyen pou yo pa viktim nan sitiyasyon tansyon sa a.

Imaj kote moun yo refije yo "La Fito"

Okenn enfomasyon poko rive jwenn jounal la pou konnen si gen moun ki rive viktim de sitiyasyon sila a.

Nap raple ke yè mèkredi 16 mas 2022 a, lapolis te rive dejwe yon kidnapin nan Pòtoprens kote ke gen 3 prezime bandi ki te tonbe anba bal lapolis e Pòt Pawòl lapolis la tap fè konnen ke bandi yo pran yon machin pou lapolis pandan aksyon an.