Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Haïti : Siyatè Akò Montana yo deside koupe fache ak kòripsyon

Depi plizyè mwa, sou sèn politik peyi a se yon kesyon de akò k ap pale. Nan pil akò yo, gen yon akò ki se akò Montana ke siyatè yo kalifye kòm yon akò ki ap pèmèt popilasyon an jwenn bon jan solisyon nan kriz ke peyi a ap konfwonte a. Depi plizyè jou, gen yon kesyon de kòripsyon kap pale anndan akò sila a ki se akò Montana a. Moun kap sipòte akò sila a, yo di yo pa deside mache nan lojik kòripsyon sa a kap fini ak peyi a deside denonse tout manèv kap fèt pou fouye kòripsyon anndan akò a nan yon tèks ki gen pou tit« Danje kòripsyon sou tèt akò Montana »

Danje kòripsyon sou tèt akò Montana

Majorite moun nan peyi a ap priye pou 7 fevriye 2022 rive paske yo kwè apre dat sa Ariel Henry pa p jwenn pyès pretèks pou l di l ap rete sou pouvwa ak gang Jovenel / PHTK e nouvo alye rejim nan. Pa p genyen rès manda Jovenel ankò. Entènasyonal la pa p kab leve ti dwèt. Moun yo kwè se aplikasyon akò Montana k ap pote soulajman pou pèp la. Men jodi a daprè tout enfòmasyon k ap sikile gen yon gwo fòs kòripsyon ki menase kidnape lespwa pèp la ki anndan akò Montana.

Dènyèman gen yon ajans ki te kòmanse lonje dwèt li, denonse gwo kòwonpi ki rele Fritz Alphonse Jean an, anpil moun potko kwè. Men jodi a bagay la tèlman konfime nenpòt ti ankèt ap pèmèt ou jwenn tout enfòmasyon ki montre mouche  » Fritz Jean  » mete gwo mas lajan ameriken deyò pou achte pi fò delege ki genyen nan KNT a pou pran tèt pouvwa tranzisyon an, pou kenbe sistèm peze souse a an plas. Mesye dam ki kontwole biwo KNT a se nan rankont ak Fritz Jean madi ki te 14 desanm nan aswè nan Otèl Montana, patwon an deside kòman y ap fòme biwo a aprè negosyasyon gwo lajan.  » Ki kote misye jwenn gwo lajan sa a ?  » Li te deja genyen nan men l : lajan rezèv lò Bank santral yo, men nan dènye moman sa yo gen plizyè gwo bawon nan rejim PHTK a ki envesti nan mesye pou yo pa pèdi pouvwa, pou yo pa pèdi va n kòripsyon an. Yo santi yo pral pèdi Ariel Henry, wè pa wè akò Montana ap bay pouvwa tranzisyon an, enben yo deside pran l ak Fritz Jean. Sa ki t ap pi bon pou yo se kraze Montana. Yo fè anpil tantativ pou kraze l, yo reyalize yo pa p kapab, dènye fòmil lan se pran kontwòl li.

Devan gwo danje ki menase chans pou akò Montana ta kòmanse ak chanjman sistèm nan, popilasyon an dwe poze kesyon sa yo :

1) Eske tout sektè tankou : sendika yo, kominote vodou a, sektè dwa moun, Legliz Episkopal, sektè prive enstitisyonel, Chanm metye yo, sektè sosyo pwofesyonel, Petwochalenjè ( Velina Charlier, James Belttis ), sektè kiltirèl, Federasyon Pwotestant, sektè popilè, sektè peyizan ( 4G ), sektè politik siyatè akò Montana ki genyen Fanmi Lavalas, MOPOD, OPL, RSD, FPP, Antant Nasyonal, elatriye, ki fin fè gwo jefò patriyotik sa, ap kanpe gade PHTK pran akò Montana nan men yo?

2) Eske tout sektè sa yo ki delege moun nan KNT a pou mete yon tranzisyon koupe fache an plas ka kite reprezantan yo al pran gwo lajan ameriken nan men mouche  » Fritz Jean  » pou konplike sitiyasyon pèp la pi rèd?

3) Eske gwo travay Magali Comeau Denis, Magalie Georges, Ted St Dic, Baudelaire Noelsaint, Monique Clesca, Ginette Chérubin, Leslie Voltaire, fè nan kad akò Montana se pou kenbe rejim peze souse a yo fè l?

4) Eske Velina Charlier, Emmanuela Douyon ak James Beltis, definitivman bliye kòb Petwokaribe a epi deside bay lit kont kòripsyon an vag ? Eske Depite Franck Lauture, Ing Armand Louis, Pasha Vorbe, Jodson Dirogène, André Raphaël, Delson Cius, Anperè Garnier Séjour, Katia Bonté, Naed Jasmin, Jean Claude Chérubin ( Zo Chérubin ) ki nan KNT a ka aksepte mèsenè politik Fritz Jean itilize yo kòm kobay nan seyans pou van n Fritz Jean pouvwa tranzisyon?

Akò Montana a se rezèv popilasyon an, se sèl espwa pèp la. Nap mande moun ki delege nan KNT a pran responsablite yo devan listwa. Montana se yon senbòl lit koupe fache kont kòripsyon. e ki koupe fache ak koripsyon.

Fòk nou koupe fache tout bon avèk kòripsyon!