Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Kèk bagay ou dwe konnen sou lang kreyòl ayisyen an

Nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl la, ekip jounal la deside prezante nou yon ti konesans sou lang kreyòl ayisyen an.

Menmjan li aplike pou tout lang ki egziste, pou fòme, fraz, fòk gen yon ansanm mo, e mo sa yo fòme ak lèt ki nan alfabè lang sa, ki mache men nan men ak sa yo rele fonetik la,paske se an fonksyon akò son diferan lèt mo yo jwen sans yo, ak son pwop yo.

Alfabè Kreyòl Ayisyen an, se alfabè yo itilize pou ekri kreyòl ayisyen an. Li jwen orijin li dirèk nan alfabè laten an, atravè diferan sous li genyen kòm lang, sa pa anpeche li gen yon defòmasyon ki fè li inik.

Alfabè kreyòl la genyen 32 lèt oubyen grafèm

A – An – B – Ch – D – E – È – En – F – G – H – I – J – K – L – M – N – Ng – O – Ò – On – Ou – Oun – P – R – S – T – Ui – V – W – Y – Z

Daprè nòt akademi kreyòl la te fè soti nan lane 2017 la, ofisyèlman, alfabè kreyòl ayisyen an divize an 3 kategori ki se vwayèl, konsòn ak demi vwayèl/demi konsòn. Gen 2 kategori sa yo ki divize an 2 lòt ti kategori ki se oral epi nazal.
Nan kategori Oral la, n’ap jwenn seri sa son yo soti nan bouch. Nan pa nazal lan, n’ap jwenn seri sa son yo pase nan bouch ak nan nen. Youn mele ak lòt pou fòme yon mo ki ka pran plizyè sans, pi devan nou ap gen pou nou detaye ide a plis.

Vwayèl Oral

Jan nou te di li a, pou sa yo nan prononsisyasyon anndan yon mo, kòd vokal lan emèt yon son klè ki soti dirèk nan bouch, yo se : a, e, è, i, o, ò, ou, ui.

Vwayèl Nazal

Nan sa yo, nan prononsiyasyon anndan yon mo, kòd vokal la pa modifye nan baz li, men lè son an ap soti li modifye sou enfliyans nen an, yo se: an, en, on, oun.

Konsòn Oral

Menm penpenp lan, son yo soti klè, yo se: b, ch, d, f, g, h, j, k, l, p, r, s, t, v, z.

Konsòn Nazal

Toujou menm règ la, lè y’ ap soti son an defòme, yo se: m, n, ng.

Demi vwayèl/demi konsòn

Se de sèlman yo ye : w ak y.