Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Kidnapin: Frédérick Dupoux, kouzen Mikaben jwenn liberasyon l

Frédérick Dupoux anpil moun konnen sou non Fredo, kouzen defen atis Michael Benjamin (Mikaben) rive jwenn liberasyon l jodi madi 18 oktòb la apre bandi te fin kidnape l vandredi 14 oktòb 2022 a.

Aprè 4 jou nan men malveyan yo, Frédérick Dupoux anpil moun konnen sou non Fredo rive jwenn liberasyon l daprè sa ki rive jwenn redaksyon « Universel Magazine ».

Jiskaprezan, okenn enfòmasyon poko disponib pou konnen èske fanmi fotograf la bay kidnapè yo lajan pou yo kapab libere viktim nan.

N ap raple Frédérick Dupoux se kouzen epi parenn maryaj atis Michael Benjamin moun konnen sou non Mikaben ki te rive mouri samdi 15 oktòb 2022 a pandan l te sou sèn apre l te fin chante yon mizik nan konsè « Carimi » nan « Accor arena » nan peyi Lafrans, yon lanmò ki afekte anpil moun nan peyi a ak nan mond lan.