Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Kouche fanm pou travay: Pratik sa ap fè raj an Ayiti

Gen anpil patwon oubyen anplwaye ki pi wo plase pase yon lòt ki pran abitid kouche deseri de fanm ki vin mande travay. Malgre jan bagay la ap ravaje sosyete a, anpil moun fè silans sou bagay sa a.

Nan sosyete ayisyèn nan, gen on bann pratik kap fèt anba je tout moun e gen nan yo se deseri de pratik ki pa respekte prensip moral sosyete a.
Nan atik sa a n ap manyen kesyon gason kap kouche fanm yo pou ba yo travay la.

Li fè 9è nan maten, nou devan yon antrepriz ki sou wout Dèlma a se la nou rankontre yon demwazèl 22 lane ki etidye sekretarya e k ap chèche yon kote pou l travay.

Pandan nou te apwoche demwazèl la, li eksplike nou ke li gen lontan depi lap chèche yon kote pou l travay men malerezman, pifò patwon yo fokis sou bout anbal e yo toujou ofril soti al nan Otèl, sinon li pap jwenn travay.

« Gen de fwa m konn dekouraje paske m konn rive depoze CV mwen epi yo dim bon men m ret on dènye etap e pou m konn etap sa a fòk mwen dakò fè yon ti soti al nan otèl oubyen nan plaj. Si se pa patwon an ki mandem sa, se yon anplwaye ki vin aprè patwon an e koz m pa antre nan lojik sa a sa fè ke m pa ka jwenn travay. » se sa jèn demwazèl ki pa t vle idantifye l te fè nou konnen.

Nou vin ale Tijo, nou rive jwenn yon sekretè nan yon antrepriz nan zòn nan, li pa bay yon diskou diferan ak demwazèl ke nou te jwenn Dèlma a.
Daprè sa sekretè sa a fè nou konnen, patwon Ayisyen yo prèske kouche tout fanm nan travay yo pou kapab ba yo mwayen pou yo travay.

« Menmsi gen eksepsyon nan règ la, sa pa anpeche ke m remake pifò patwon Ayisyen yo pran plezi kouche fanm yo jis pou ba yo travay daprè 7 lane eksperyans ke m gen sou mache a. Pou yo pa kouche w fòk se on moun ki fouyew nan travay la oubyen ou rankontre ak yon bon patwon.  » se deklarasyon sekretè a te rive fè.

Poutèt sa a sekretè a pat vle nou site non l pou sekirite l e li mande pou òganis ki la pou defann dwa fanm yo, pou yo sispann ak ipokrizi ke yo genyen an paske yo konnen byen ke fanm yo ap sibi vyolans men koz se gwo patwon ki ap fè sa, yo bouche je yo sou sa.

Nou te rive rele yon patwon, li te pran anpil pridans nan repons ke li tap bay paske daprè li menm, li pa pral di ke patwon yo pa kouche fanm yo men nan antrepriz pal la, tout fanm gen dwa travay daprè sa yo te aprann san yo pa oblije ouvri pye yo.

Nap raple nou ke pratik kouche fanm pou bay travay la, se yon bagay ki kondane e gen anpil Òganizasyon fanm ki kreye pou kapab akonpanye viktim yo e nou pap bliye Ministè Fanm se yon antite nan leta a ki kreye pou sa.

 

CP: Banque mondiale