Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Lapolis Senmak arete 25 moun epi rekipere divès materyèl yo te piye pandan manifestasyon yo

Lapolis nan komin Senmak, depatman Latibonit, arete 25 endividi ki gen enplikasyon prezime yo nan piyaj ki fèt nan biwo leta ak nan biznis prive epi nan plaj ki sou kot la, pandan dewoulman manifestasyon semèn pase a.

Nan lide pou fè fas ak tout deriv sa yo, Responsab Jiridiksyon Senmak la, Komisè Prensipal Mathias Jean David, pran bon jan mezi ak pèmèt polisye yo deplwaye pou reprann kontwòl sitiyasyon an rapid pou kontinye pwoteje vi ak byen popilasyon an.

Se te okazyon tou pou Komisè Prensipal Mathias Jean David prezante bilan entèvansyon Lapolis fè nan vil Senmak epi divès ensidan ki pwodwi kote gen yon (1) moun mouri, yon (1) polisye blese ak plizyè malfra blese.

Komisè Mathias Jean David prezante divès materyèl ki rekipere ak mizanplas kap fèt pou rekipere plizyè lòt materyèl manm nan popilasyon an piye nan biwo leta kou prive.

Pou kounya, 25 jenn fanm ak jenn gason sa yo plase nan gadavi Komisarya Senmak pou yo reponn kesyon lajistis.