Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ministè Edikasyon Nasyonal retire grad direktè Jean Carl Albert Bellerice pou mo sal li te di yon elèv

Jodi lendi 9 me 2022 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ekate Jean Carl Albert Bellerice kòm direktè nan tèt « Institution Bellerice Castera » poutèt li te rive di yon elèv vye mo sal daprè son ki tap sikile sou rezo sosyal yo ak plizyè plent yo pote pou direktè sila a.

Se sou kont « Twitter » li, Minis edikasyon an, Nesmy Manigat fè konnen ministè lap dirije a pran desizyon pou ekate Jean Carl Albert Bellerice kòm direktè « Institution Bellerice Castera » paske li te rive di yon elèv anpil mo sal.

Ministè Edikasyon Nasyonal pran desizyon sa a annatandan ankèt ak lòt desizyon administratif ak legal pran e yon komisyon pwovizwa kreye pou jere lekòl la daprè sa Minis Manigat fè konnen.

Pi lwen, MENFP fè konnen gen anpil plent ki pote kont Jean Albert Bellerice paske li joure elèv yo ak gwo mo ki pa kadre ak moral e li konn bay timoun yo pinisyon ki vyole dwa yo daprè deklarasyon dwa timoun 20 novanm 1959 la.

Pou anpeche sitiyasyon sa prezante nan lekòl yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl bay enstriksyon pou pran tout dispozisyon administratif ak legal pou garanti timoun yo aprann nan bon jan kondisyon ki respekte diyite yo.

Daprè nòt sa a MENFP mete deyò a li fè konnen lwa 11 septanm 1974 ak dekrè 2 septanm 2014 yo prevwa sanksyon tankou retire pèmi anseyan, lisans fonksyonman lekòl la, fè Direksyon Depatmantal Edikasyon an jere lekòl la pou yon ti bout tan e li fè konnen daprè preskripsyon kòd penal la ak lwa premye oktòb 2001 ki entèdi pinisyon kòporèl kont timoun yo, leta genyen pou pousuiv otè zak sa yo.

Nap raple Direktè Jean Albert Bellerice te trete yon elèv vye mo tankou « Chyèn », « chawony » e paran elèv la te temwanye direktè a te mete elèv yo nan solèy kòm sanksyon avanl te di vye mo sal yo.