Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Rektora Inivèsite Kiskeya fè konnen li jwenn plizyè ka kowonaviris sou « Campus » li an

Rektora Inivèsite Kiskeya a fè konnen nan yon nòt pou laprès li jwenn plizyè ka kowonaviris sou « Campus » li an depi plizyè jou.

Nan nòt sa ki pote siyati rektè Jacky Lumarque, enstitisyon an raple Ministè Sante Piblik te deja avèti popilasyon an yo detekte 2 varyan kowonaviris sou tèritwa nasyonal la. « Avèk 2 varyan sa yo Ayiti franchi yon nouvèl etap nan epidemi an, e li dwe fè plis vijilans », Rektora avèti.

Nan sans sa, Rektora a fè konnen pwotokòl sanitè ki te adopte ane pase a pou « Campus » Inivèsite a reyaktive. E moun ka konsilte l sou sit entènèt li a : https://uniq.edu.ht/.

Yon lòt kote, Fakilte syans ak sante Inivèsite a raple kominote a nesesite pou yo aplike jès baryè yo tankou pote mask, lave men tanzantan, distans fizik 1 mèt 50 la elatriye.

    Leave A Comment