Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

San chita pale ak pwofesè yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ap travay pou lekòl ouvè

Depi plizyè jou, anpil moun tande y ap pale de lekòl k ap ouvè lendi 7 novanm k ap vini la.
Daprè enfòmasyon nou rive genyen, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat pale ak tout enspektè yo pou yo ka chita pale ak kèk notab epi kèk grenn paran elèv nan zòn yo ye yo nan lide pou yo ka antann yo sou dat 7 novanm lan pou lekòl kapab ouvè.

Kèk pwofesè nou te rankontre sou wout nou pa kache mo pou yo fè konnen yo pa konn koze lekòl k ap ouvè pou lendi 7 novanm nan paske pa gen okenn responsab Ministè Edikasyon Nasyonal ki chita pale ak yo.

« Menmsi yo te chita pale avèm, m pa t ap janm aksepte koze lekòl 7 novanm sa a paske jiskaprezan m pa gen on goud nan bous mwen. Kijan m pral fè deplase pou m al kanpe devan elèv yo? Kisa m ap manje? Kijan m pral abiye? » se deklarasyon yon pwofesè ak anpil kòlè.

Nou pat rete sou pwofesè yo sèlman, se konsa nou te ale fè yon ti pale ak kèk paran e plizyè nan yo te fè konnen yo pa prè pou voye pitit yo lekòl paske sitiyasyon se pi mal l ap pi mal.

« Pa gen sekirite, pa gen lajan, pa gen gaz, kous machin byen chè epi pou m ta di m pral voye pitit mwen lekòl ebyen m nan sak pa sa » se sa yon paran elèv ki rete sou Dèlma deklare.

Pi lwen, paran sila a mande minis Edikasyon an resezi l paske l ap fouye tèt li yon kote li pap ka sòti e li konseye Nesmy Manigat pou l pa kite gouvènman Ariel Henry a itilizel pou fè tenten.