Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Sant : Lapolis entèpele plizyè endividi akòz yo pa anrèg avèk lalwa

Nan kad ranfòsman sekirite nan depatman Sant, Direksyon Depatmantal Lapolis arete 3 endividi akòz yo pa anrèg avèk lalwa nan moman yon tchèk pwent jodi jedi 11 dawout la.

Nan yon nòt ki pibliye vandredi 12 dawout la, enstitisyon polisyè a fè konnen ke Endividi ki arete yo se Siméon Jean Johny, 32 lane, moun Fontamara. Lapolis jwenn li ak plizyè sibstans nan men li ki sanble ak dwòg, ak plizyè biyè mil goud.

Registre Miguelson, 37 lane, moun Boukan Kare. Li arete pou ankèt SDPJ pou pyès idantifikasyon lòt moun yo jwenn nan pòch li, e Charliscat Guyvenel, 39 lane moun depatman Latibonit, zòn Dezam. Li te sou wout pou l ale Wanament e li tap sikile san ankenn pyès idantifikasyon.

Pou kounya, moun sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou yal reponn kesyon devan enstans ki konsène.