Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Sekirite : Premye minis Ariel Henry fè konnen gouvènman l ap dirije a pa nan negosye ak gang

Premye minis Ariel Henry fè konnen gouvènman l ap dirije a pa nan konfyolo ni negosye ak nèg ki gen zam yo. Pou chèf gouvènman an se prizon ou lanmò k ap tann bandi yo si yo pa vle chanje metye.

Nan entèvansyon doktè Ariel Henry fè sou sitiyasyon peyi a nan lannwit jedi 28 oktòb la, premye minis lan deklare si bandi yo pa sispann move zak yo, se la lwa k ap aplike kont yo. Li endike, sèl opsyon ki gen pou bandi ak tout kòmanditè yo, se prizon ou lanmò, si yo pa vle chanje metye.

Anplis, chèf gouvènman an fè konnen gouvènman l ap dirije a pa nan konfyolo ni negosye ak gang. « Nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou trete sa. Asasen se an asasen ou trete sa » , Ariel Henry presize.

Yon lòt kote, premye minis lan deklare tout moun k ap sipòte bandi, ede yo jwenn zam ak minisyon, tout moun k ap ba yo kòb anba chal, tout moun k ap sèvi avè yo pou bloke tout aktivite nan peyi a, tout moun k ap fè dil ak yo pou yo ka pran pouvwa, yo tout se lènmi pèp ayisyen an, e se kòm lènmi l ap trete yo.