Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Senmak: Yon mesye touye madanm li 3 mwa aprè li fin marye avè l

Yon mesye ki rele Ronelson Saint-Louis touye madanm li, Shamar Télémaque aprè 3 mwa maryaj nan Senmak, nan lannuit samdi 12 pou louvri dimanch 13 mas 2022 a.

Krim yo pa sispann repete nan sosyete ayisyèn nan chak jou pi plis. Lè se pa bandi ki touye moun ak zam, se gason ki touye fanm yo oubyen fanm ki touye nèg yo kit yo renmen oubyen marye.

Nan lannuit samdi 12 pou louvri dimanch 13 Mas 2022 a nan Senmak, Ronelson Saint-Louis ki gen 3 mwa marye ak madanm li Shamar Télémaque rive touye fi a nan on sikonstans ke moun poko konnen.

Walker Télémaque, yon frè viktim nan fè konnen ke aprè krim sa a, Ronelson Saint-Louis te fèmen pòt la e rive sove al kache nan komin Akayè.

Poutèt sa, frè Shamar Télémaque la mande otorite yo fè tout sa yo kapab pou jwenn konplis la e ba li sa l merite.

Daprè enfomasyon ki rive jwenn nou nan « Universel Magazine  » 2 moun yo te konn nan kont souvan depi menm avan yo te marye jou ki te 24 desanm 2021 an.