Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ti fyèv la, ti grip la: Gen moun ki rive ale anba tè

« Ti fyèv la ak ti grip la » se maladi kap fè aktyalite nan peyi Ayiti depi plizyè jou e gen anpil moun ki rive pranl. Gen moun ki pa kache pou revele ke gen moun ki te rive pran ti fyèv la oubyen ti grip la ki pa rive retounen reprann aktivite yo men ki rive fè wout pou peyi san chapo.

Depi kèk jou, popilasyon ayisyèn nan ap fè fas ak yon maladi ke yo di ki se « ti fyèv la ak ti grip la » e depi l pranw, li baw gwo doulè nan zo e ka rive fè w pran kabann pou yon bon ti tan.

Nan yon ti bat bouch ak plizyè sitwayen nan kapital la, nou rive konnen ke gen plizyè moun ki te pran ti fyèv la e ki pa rive geri men ki rive ale anba tè.

Jean Luxon Stainfil, yon sitwayen ki rive pèdi ti sèl semèn pase a fè konnen ke ti sè a te pran ti fyèv la men li pa rive reprann li men Luxon kontinye poul fè konnen ke ti sè a te malad nan ren e maladi a te vin konplike bagay la e lakoz li rive ale pou peyi san chapo.

Se menm bagay la pou plis pase 4 sitwayen nan komin Dèlma ak Taba ki rive pèdi pwòch yo ki te rive pran ti fyèv la e ki yo menm tou ale pou peyi san chapo men daprè sa ke jounalis « Universel Magazine » rive konprann, tout moun sa yo ki rive mouri yo, yo te gen lot maladi avan sa tankou maladi nan ren, nan kè oubyen dyabèt ke yo konn rele maladi sik la.

Peterson Saint-Fleur ki se yon medsen, nou te rive fè yon ti bat bouch avèl sou sitiyasyon sa a e li te rive reponn poul te fè nou konnen ke sèl sa ke l kapab di sou sitiyasyon sa a se konseye moun yo fè anpil pridans ak ti fyèv la oubyen ti grip la, pou yo pa rive pranl tankou yon maladi konsa konsa men lè yo rive pran maladi a pou yo pran wout lopital pou yo kapab konnen kisa ki genyen egzakteman. Lè sa a yap konnen si se yon senp grip konsa konsa ki mennen fyèv la oubyen yon lot maladi ki pi konplike.

Nap raple nou ke fas ak « ti fyèv la ak ti grip la » kap frape nan peyi a, Ministè Sante Piblik la te rive pale sou sa parapò ak enkyetid moun yo e minis sante a te fè konnen ke se yon epidemi ki sou peyi a, se pa anyen grav ke sa men li te mande popilasyon an pran prekosyon pi plis toujou.