Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Yon elèv Kolèj Sen Lwi Boudon eseye touye tèt li paske li pa pase

Yon elèv nan lekòl Kolèj Sen Lwi Boudon tante touye tèt li paske li pa rive fè mwayèn jeneral lekòl la mande a. Elèv sa nan Nouvo Segondè 1.

Aksyon sa pase jodi lendi 5 jiyè a pandan yo t ap bay kanè nan lekòl la. Aprè elèv sa fin aprann li pa rive fè kantite nòt lekòl la mande pou ane a, li monte sou tèt lekòl la kanpe pou l voye kò l anba. Aksyon sa te rive kreye yon sitiyasyon panik kay lòt elèv yo ak paran ki te nan espas la.

Nan twa premye egzamen yo, elèv sa te fè yon mwayèn 4, yon mwayèn 5 fèb epi yon lòt mwayèn 4 fèb ak de lòt mwayèn 5 fèb pou dènye kontwòl yo, dapre enfòmasyon ajans Juno7 rapòte. Kantite nòt sa yo pa rive bay mwayèn jeneral lekòl la mande a pou elèv sa admi nan yon nouvo klas. Se rezon sa ki lakoz jèn ekolyè sa t ap tante tiye tèt li.

Toutfwa, yon responsab enstitisyon an anonse yon swivi sikolojik pou elèv sa ki gen chwa ant kite lekòl la oubyen refè klas, daprè prensip lekòl la.

    Leave A Comment