Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Yon moun mouri, yon avyon boule nan manifestasyon Okay jodi 29 Mas la

Popilasyon Okay la te pran lari jodi 29 mas 2022 a pou di non ak ensekirite. Pandan manifestasyon an, 1 moun mouri ak bal e yon ti avyon boule.

Jodi madi 29 mas 2022 a, popilasyon Okay la te pran lari pou te kapab di non ak ensekirite kap ravaje Matisan, sa ki lakoz moun yo paka pase alèz.

Daprè enfomasyon ke nou rive jwenn, gen yon moun ki te nan manifestasyon an ki rive pran yon bal e ki pèdi lavil daprè sa yon responsab nan vil la ke nou te rele fè nou konnen.

Pandan manifestasyon an, popilasyon an te rive ap denonse jan ke pri vwayaj nan avyon pou soti Pòtoprens pou ale Okay la chè e poutèt sa, yo te antre nan ayopò « Antoine-Simon » an e yo boule yon ti avyon.

Nap raple ke popilasyon Okay la te gentan ap oganize mouvman kont ensekirite a depi semèn pase a e yo prevwa fè sa pou tout rès semèn nan.