Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

MENFP kondane atak sou lekòl nan Lyankou (Latibonit) kote yon elèv pèdi lavi l

Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) kondane ak tout fòs li zak briganday ak atak sou lekòl ki fèt nan komin Lyankou (depatman Latibonit) kote yon elèv blese e rive mouri apre li te resevwa yon bal pandan li te sal klas li.

Alfred Fekens, ki gen 10 lane, yon elèv 4yèm ane fondamantal, pèdi lavi l apre li te resevwa yon bal pandan li te sal klas li, jou ki te madi 7 fevriye a. Malgre tout efò ki te fèt pou kouri mennen elèv sa a lopital, li pa t rive sove.

Ministè a p ap sispann di tout timoun gen dwa pou ale lekòl, aprann san kè sote e jwenn pwoteksyon tout sosyete a nan kèlkeswa sikonstans la.

Ministè kondane zak sa a ki revolte konsyans tout kominote edikatif la e renouvle apèl li bay tout sosyete a pou pwoteje lekòl, timoun yo, ak pèsonèl edikatif la.