Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Popilasyon an ap rele anmwey, Ariel Henry kanpe an mèt e Seyè

Jan anpil tap di sa an fransè, « incroyable mais vrai ». Jounen jodi a nap fè fas ak yon kriz san parèy nan peyi a kote gwoup gang pouse tankou djondjon, zam distribye tankou pate cho, elatriye. Nan kout Kat la, nou pratikman pa gen pèsonn kap deside pou nou alewè pou n ta rive konte sou yon gouvènman ki pa kanpe sou anyen.

Depi kèk tan, divès aktè politik ap eksprime pozisyon yo fas ak gouvènman sa a ki konpòte l an manfouben lè n ap gade konpòtman l fas ak gwoup gang yo ki pa sispann teworize popilasyon sivil la. Pou divès aktè, doktè Ariel Henry, non l site nan rapò DCPJ a kòm konplis nan lanmò prezidan Jovenel Moïse la dwe kite pouvwa a 7 fevriye 2024 dapre akò li te siyen nan dat 21 desanm 2022. Fas ak konpòtman ki mele m divès nan aktè sa yo remake Ariel Henry genyen, yo deside òganize mouvman nan lari a pou egzije depa san kondisyon PM defakto a.

Malgre pozisyon aktè politik nou yo, kominote entènasyonal la bò kote pal fouye nen l disèt longè nan istwa a kote yo fè konnen pap gen yon tranzisyon anndan yon lòt tranzisyon, sa vle di se eleksyon pou ekip sa ki la a rive fè pou remèt pouvwa a bay yon prezidan eli. Fas ak konpòtman soumoun sa a aktè ayisyen yo korije kaye blan an lè yo di zafè politik Ayiti konsène sèlman ayisyen.

Mèkredi 7 fevriye 2024 la, bagay la pat dous menm nan peyi a kote plizyè vil te leve kanpe pou rele « aba » Ariel Henry. Pou moun sa yo, prezans doktè Henry pap fè lòt anyen ke agrave kriz la nan peyi a. « Depi Ariel Henry pa ale nap rete la nan lari a », se sa plizyè pwotestatè tap chante byen fò divès kote nan Pòtoprens ak vil pwovens yo.

Pandan yap egzije depa san kondisyon li an, Premye Minis Ariel Henry fè yon adrès ak nasyon an kote l fè apèl ak inite nasyonal pou rezoud kriz ki gen nan peyi a. Sak pi rèd la, Ariel Henry ap raple Ayiti fè chwa demokrasi nan lanne 1986 se kòmsi li menm se sou baz demokrasi lap fè briganday lap fè yo. Menmjan Maurice Sixto konn di sa, « Ala koze kremòl ».

Fas ak konpòtman « alpha ak omega » Ariel Henry genyen an, li evidan pou popilasyon an ranmase eskranp figi l pou fè yon pote boure nan bon sans lan pou wete tout sanginè kap finanse sasinay kap fèt sou popilasyon an.