Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

E si n pwofite chanje klas politik la?

Li pa on sekrè pou pèsonn, n ap viv nan yon peyi kote kriz pa janm sispann sòti nan aktyalite a. Lè se pa kriz politik, se ekonomik, sekiritè, elatriye e malgre tout sa, nou pa janm gen aktè nan klas politik la, kit li nan pouvwa a oubyen sa nou rele opozisyon an ki janm gen kapasite pou rezoud sa. Okontrè, yo toujou ap eseye manje youn lòt.

Ane 2023 a te youn nan ane ki te plis sakaje nan koze kriz. Nan sa ki gen pou wè ak ensekirite, sa te konplike nèt. Prèske chak jou, yon gwoup nèg ak zam atake yon zòn kote moun te panse ki te gen ti kras trankilite. Se ka zòn Fò Jak, kote nèg gwoup gang kraze baryè pa sispann poze move zak yo, Sodo se menm bagay la tou kote bandi ki anba kontwòl chèf gang Izo 5 segond te rive atake popilasyon nan zòn sa a e te lakoz plizyè moun mouri.

Pou koze politik, se te gwo manman penba a kote nou fè pratikman yon (1) lane nan yon kriz e aktè nou yo ki pale kreyòl pa janm ka rive konprann lòt nan lide pou n jwenn yon solisyon. Gwoup opozisyon, gwoup pouvwa, chak ap defann dosye pèsonèl yo nan objektif pou yo ka rive pran pouvwa a. Sak pi dwòl nan koze a pandan diskisyon yo ki te fèt anba kontwòl yon delegasyon Karikòm, nou te ka remake yon bann aktè san non ki gen kouraj pou diskite nan non pèp la, e menmsi w ta rive fè yo wont, y ap toujou la paske yo gen yon objektif byen espesyal ki pa gen anyen pou wè ak koze rezoud kriz ki nan peyi a.

Pandan ane 2023 a, kominote entènasyonal la ki se youn nan aktè ki lakoz kriz la tou, montre nou li evidan pou n chanje klas politik la pa bò isit. Malgre lajistis pa bò isit pa di anyen sou sa men sanksyon entènasyonal yo dwe fè nou reflechi anpil. Ann pran ka senatè Joseph Lambert la ki te konn ap fonksyone ak kominote entènasyonal la dayè li te di l nan yon emisyon sou radyo karayib, se li ki te aksepte demann blan an pou te siyen Jude Celestin te bay vag nan eleksyon 2011 yo ki te vin bay Michel Joseph Martelly kòm prezidan peyi a.

Se pa sèlman Joseph Lambert ki te yon tchoul blan an non men se pratikman tout aktè ki sanksyone yo nèt. An gwo, nou kapab di koze sanksyon an se tankou yon manman ki bouke ak pitit li epi l chwazi mete l deyò. Nan ka sa a fòk nou menm ayisyen reflechi pou n ka rive chanje bagay yo kote nap netwaye klas politik la ki gen twòp aktè sal ladann.

Si ane chanje, li evidan pou n rive chanje divès bagay pa bò isit. Menmjan n te rive mete tèt nou ansanm pou n te fè 1804, se konsa nou ka mete tèt nou ansanm, nou fè yon 2024 ak yon lòt elit politik k ap gen pou chita sou pwoblèm peyi a e rive jwenn yon solisyon dirab.