Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Pou animatè emisyon « Matin Debat » a Luckner Désir, yo te mal entèprete analiz li te fè sou gang yo

Jodi jedi 14 septanm 2023 a, Loucko Désir, animatè emisyon analiz politik sou radyo tele Eclair rive reponn yon 2e fwa, kesyon komisè gouvènman Pòtoprens lan, Me Jean Edler Guillaume sou yon ti videyo ki tap sikile, ki te mal entèprete kòmkwa li tap fè pwomosyon pou gwoup gang.

Pandan l tap kite espas la, Luckner Désir fè konnen pa gen moun kap fèl kite sa lap fè a, yon travay ki nan avantaj sosyete ayisyen an.
« M pa gen poum pè reponn kesyon lajistis peyim paske lesprim ak konsyans mwen trankil, menm pwòp » se sa l te deklare nan mikwo jounalis ki te la nan espas la.

Pi lwen, ansyen kandida pou pòs prezidan an mande pou tout moun lajistis rele pou vin reponn kesyon fè menmjan avèl si yo vle kontribye nan batay kap fèt nan lide pou chanje peyi a.

Konsènan retou l nan emisyon l lan, Luckner Désir fè konnen lap pran yon vakans pou l ka reprann li.
« Pami jounalis ki gen nan peyi a, m se sèl ki vin nan koze reponn kesyon lajistis plis. Sa gen gwo enpak sou mwen ak fanmim paske fòk mwen peye kabinè avoka yo ki vin ak mwen yo. M panse sa merite yon vakans. » nou tap site deklarasyon Luckner Désir.

Nap souliye dapre enfòmasyon avoka Luckner Désir la kominike, dosye sila a rive klase san suit men kliyan l lan toujou disponib pou reponn kesyon lajistis men li voye yon mesaj bay tout jounalis pou yo egzèse pwofesyon yo ak anpil pwofesyonalism.