Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Avyon » , Chèf gang Fonds-Cheval la, tonbe ak plizyè lòt akolit li, lapolis sezi zam epi arete 2 fanm

Depi kèk jou, plizyè inite espesyalize nan PNH la, nan kad yon misyon espesyal, deplwaye nan komin Mibalè, sitou nan « Terre Rouge » ak Fonds-Cheval, depatman Sant.

Objektif misyon sa se rive demantle yon fwaye gang endividi ak zam ap tante tabli nan zòn lan.

Sou enstriksyon kòmandan an Chèf la, M. Frantz Elbé, ajan UTAG, UDMO-lwès 2 ak UDMO Sant ki angaje nan operasyon sa lajounen kou lannwit mobilize resous nesesè pou pèmèt yo reyisi misyon sa.

Nan kad operasyon sa, plizyè bandi tonbe nan echanj kout bal ak lapolis, pami yo Joseph Janès, chèf gang Fonds-Cheval la, alyas « Avyon » ak yon frè li ki t ap chèche teworize popilasyon sivil lan depi plizyè jou.

Lapolis sezi zam ak konfiske machin, epi arete Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang « Avyon », ak Rémy Widenise.

PNH la, ki detèmine, ap pwogrese nan operasyon sa nan lide pou fasilite lib sikilasyon pezib sitwayen yo.

    Tags: