Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Direktè jeneral PNH la Frantz Elbé rankontre ak nouvèl Anbasadè peyi kanada a an Ayiti

Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, Mesye Frantz Elbé, rankontre jounen vandredi 24 novanm lan, nouvèl anbasadè peyi Kanada nan peyi a, Mesye André François Giroux, daprè sa kabinè kominikasyon polis la fè konnen nan yon nòt.

Daprè nòt sa ki pibliye sou paj Fesbouk Polis Nasyonal la, rankont sa te òganize nan lokal DGPNH la ki twouve li nan Klèsin, minisipalite Taba. Pandan rankont sa a, kòmandan an chèf PNH la te akonpaye ak kèk manm nan wo Kòmandman Lapolis la.

« Opòtinite a se te pou anbasadè Kanadyen an diskite ak DG Frantz Elbé sou pwojè gouvènman Kanadyen an gen entansyon òganize atravè sèten ajans entènasyonal, nan objektif pou ranfòse kapasite operasyon enstitisyon lapolis la », nòt la presize.

Nan fen reyinyon sa a, Anbasadè André François Giroux ak Direktè Jeneral Frantz Elbé fè konnen yo renouvle angajman yo pou yo kontinye travay ansanm pou revitalize koperasyon ki egziste ant PNH la ak Kanada.