Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Lapolis sezi yon fizi ak yon machin pandan yon entèvansyon

Pandan konfwontasyon ak bandi ame, Polis Nasyonal Dayiti rive sezi yon fizi Kalachnikov ak yon machin, dimanch 19 novanm 2023 sa a, vè 2:25 pm, nan Ri La Reyinyon.

Polis nasyonal la fè yon gwo kou jounen dimanch 19 novanm lan. Nan yon afwontman yo te genyen ak kèk bandi ame nan zòn anba lavil la yo rive sezi plizyè materyèl. Materyèl sa yo se yon fizi Kalachnikov ak yon machin.

Daprè yon nòt enstitisyon an pataje sou paj Facebook li, moun ki ame yo te abò yon machin nwa Kia Sportage ak nimewo anrejistreman : AA-16316, te louvri kout zam sou patwouy BI1PAP la. Lapolis, san okenn ezitasyon, te oblije reponn.

Nòt la fè konnen anba gwo kout bal polisye yo, bandi yo te oblije kouri nan koridò e plizyè pwojektil te frape machin ki sispèk la.