Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Lapolis arete Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pitit li

Lapolis nan Dèlma arete nan kòmansman semèn nan Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pwòp pitit fi li ki gen sèlman 12 zan.

Viktim nan eksplike papa a te mete penis li nan vajen li ak nan dèyè li apre li te fin fè li retire kilòt sou li e sa pase nan lannwit samdi 18 fevriye a. Se akoz doulè penetrasyon an pwovoke ki fè papa a te oblije abandone sa dapre sa li presize.

Timoun nan fè konnen se apre 2 tantativ papa a te deside bay vag men li mande l pou l pa di lòt moun sak pase a.

Alex Deroné ki konn patisipe nan publisite ki pase nan medya tankou radyo ak televizyon voye jete akizasyon sa yo. Li lonje dwèt li sou matant timoun nan ki se sè Joseph Judette ki ta manipile timoun nan dosye sa.

N ap note se matant timoun nan ki te akonpagne viktim nan pote plent kont prezime agresè a.