Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

MJSP mande tout moun ki jwenn lèt menas bandi pou yo rele DCPJ oubyen Pakè Pòtoprens

Nan yon nòt pou laprès, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) mande tout moun ki ta resevwa lèt menas nan men bandi pou yo pa manyen yo twòp pou anprent dijital ak lòt prèv pa disparèt, men pito yo rele Pakè Pòtoprens oubyen Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ).

« Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) aprann gen enstitisyon, komès, lekòl ak sitwayen, ki lakay yo, ki ap resevwa lèt menas kòmkwa bandi pral detwi byen yo, kraze Kay yo, touye yo, kidnape yo si yo pa bay lajan » se sa nou ka li nan nòt la.

Nan sans sa a, MJSP mande pou moun ki jwenn lèt menas sa yo nan men bandi, pou yo pa manyen yo twòp, pou aprent dijital ak lòt prèv ki sou lèt la pa disparèt paske Direksyon Santral Lapolis Jidisyè ak Polis syantifik ka jwenn moun ki ekri lèt sila yo gras ak baz done leta genyen epi ki chaje enfòmasyon sou moun ki gen kat idantifikasyon oubyen lòt dokiman.

Pi lwen, MJSP fè konnen, leta ap idantifye moun ki ekri lèt sa yo, l ap pran tout dispozisyon pou pa delivre yo pyès tankou paspò, kazye jidisyè, limite aksè yo ak on seri sèvis, mete manda dèyè yo, arete yo pou aktivite teworis jan lwa 2013 ki modifye an 2016, sou blanchiman ak finansman teworis presize, ak lwa oktòb 2017 sou kidnapin ki modifye lwa 20 janvye 2009 la mande sa.

Ministè Jistis kontinye pou fè raple moun ki ekri lèt yo, moun ki nan siveye rapòte, moun kap bay kout dwèt pou kidnape moun, moun kap bay kote pou sere moun yo kidnape, moun kap siveye moun yo kidnape kapab pase tout rès vi yo nan prizon e li mande tout moun ki resevwa yon lèt menas, rele Pakè Pòtoprens nan 3604-9602 oubyen DCPJ nan 3733-3640.