Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Lapolis rekipere 2 fizi otomatik ki se propriyete enstitisyon an

Lapolis rekipere 2 fizi otomatik ki se propriyete enstitisyon an apre echanj kout zam ki te genyen ant Fòs lòd yo avèk yon gwoup bandi ki sòti Gran Ravin nan dat ki te 31 me 2023 a.

Bandi te pran 2 zam sa yo (Galil ACE21 nimewo seri 43103533, Galil AC22 nimewo seri 43103532) apre atak yo te fè sou antèn Savan Pistach la nan Kafou Fèy kote gen yon polisye ki te pèdi lavi l nan dat 10 novanm 2022 a.

Lapolis la rete mobilize epi ap kontinye devlope estrateji pou kanpe an fas tout bandi ki vle kenbe popilasyon an otaj akoz vyolans ak laperèz yap chache enpoze nan plizyè katye.

Depi lansman operasyon Tònad 1 an, nan mwa janvye a, gen plis pase 70 zam lapolis rive rekipere, plis pase 2,600 katouch konfiske ak 2730 arestasyon ki fèt nan tout peyi a.