Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Yon moun mouri, plizyè lòt blese nan yon aksidan ki fèt Jeral Batay

Yon kamyon ki pot dlo pèdi fren e li antre sou moun yo nan Dèlma 33 zòn Jeral Batay, yè samdi 23 avril 2022 a. Yon chofè moto mouri sou plas epi plizyè lot moun blese daprè dènye bilan ke nou genyen.

Yè samdi 23 avril 2022 a, yon kamyon dlo ki tap desann mòn Dèlma 33 sou Jeral Batay, bò mache Dimòne a rive pèdi fren e antre sou moun ki te la yo.

Daprè enfòmasyon ke nou genyen, gen yon chofè moto machin nan pase sou li e li mouri sou plas e gen plizyè lot moun ki blese.

Aprè sitiyasyon sa a plizyè sitwayen akize responsab leta yo ki pa jere zòn nan, kote pil moun ret sou twotwa yo e fatra lakoz anpil moun paka pase rapid nan lari a.

Yo pwofite akize responsab Polis sikilasyon ki kite tout kalite vye machin ap kouri nan lari a, yon sitiyasyon ki mete lavi tout sitwayen yo an danje.