Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

8 prezime bandi tonbe, yon fizi daso AR-15 ak katouch diferan kalib sezi

8 prezime bandi tonbe nan echanj kout bal ak lapolis nan katye Onavil (Kwadèboukè), nan kad yon entèvansyon polisyè jodi jedi 10 dawout 2023 an. Lapolis sezi yon fizi daso AR-15, 4 chajè ak katouch diferan kalib nan moman entèvansyon sila a.

Pami 8 prezime bandi sa yo gen « Zo Manno » ki se youn nan bra dwat chèf gang kanaran Jeff, Yvio ki toujou ap sikile nan veyikil avèk Jeff, Jerry alyas « Kafou Sitèn » ak Fokè, manm enfliyan gang Zo Manno.

Entevansyon sa antre nan kad operasyon kraze kachèt bandi ke lapolis lanse ayè mèkredi 9 dawout lan kont tout gang k ap opere nan arondisman Kwadèboukè a.

N ap raple nan lansman operasyon sa, Polis la deplwaye ajan UDMO lwès 2 ak seksyon anjen lou PNH pou bouche tout twou ke bandi te konn itilize pou fè kachkach nan zòn Mòn Kabrit, Katye Onavil pou sekestre moun epi sèvi abri pou boukante kout bal ak lapolis.

Lapolis ap rapousiv operasyon deniche bandi nan komin Kwadèboukè kont tout gang ki panse yo ka teworize popilasyon an.

    Tags: