Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Konsèy Prezidansyèl la vizite ak evalye avansman travay konstriksyon baz fòs miltinasyonal la

Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo te vizite epi evalye avansman travay konstriksyon baz fòs miltinasyonal la.

La Prezidans enfòme nan yon nòt, ayè mèkredi 29 me 2024 la, manm Konsèy prezidansyèl yo te vizite travay konstriksyon baz Fòs miltinasyonal la nan zòn èpòt la. Pandan vizit sa a konseye yo te vle wè epi evalye eta avansman travay k ap fèt nan espas la pou akeyi rive fòs entènasyonal la kap gen pou pote sipòte bay lapolis la nan batay pou retabli sekirite nan peyi a.

Pandan vizit sila a responsab konstriksyon yo te pote bon jan eksplikasyon sou dewoulman travay yo ak dat limit pou tout konstriksyon fini, e responsab chantye a te montre kijan espas la òganize pou resevwa ajan fòs entènasyonal la nan bon jan jan kondisyon. « Nan sans saa konseye te vizite Dòtwa, sant medikal, Kafeterya ak anpil lòt espas ki pral sèvi solda etranje yo » se sa nòt la kontinye pou l souliye.

Pi lwen, nòt la raple popilasyon an, 9 manm ki nan konsèy prezidansyèl la te pwomèt pou kontinye travay pou retabli yon klima lapè tout kote nan peyi a, e nan yon deklarasyon li te fè nan dat 18 me a, Prezidan konsèy la, Edgard Leblanc Fils te bay popilasyon an garanti ekip CPT ap rejwenn tout teritwa gwoup gang ap layite kò yo ladann.

    Tags: