Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti-sekirite : demolisyon kay Tizo, bra dwat epi kouzen chèf gang Vitelòm

Lapolis nasyonal kraze kay gang “Tizo” te konn itilize pou fè baz epi kenbe moun yo kidnape nan zòn Tapaj. Chèf gang “Tizo” se kouzen epi youn nan bra dwat Vitelòm ki enplike nan anpil krim tankou asasina polisye, kidnapin, vòlè machin, brakaj elatriye.

Nan yon nòt pou laprès, la polis Nasyonal la fè konnen gen yon operasyon responsab yo nan Direksyon depatmantal lwès 2 lapolis la te mete sou pye pou non sèlman pou te kraze kay sa men tou pou te debarase zòn nan de anpil debri bandi yo mete pou anpeche Inite espesyalize yo rive sou yo.

Pandan operasyon sa t ap dewoule jodi samdi 22 oktòb la, direksyon lapolis souliye jan bandi yo souvan fèl yo kouri chape pou’l yo otomatikman yo reyalize detèminasyon fòs lòd yo ki tap pwogrese nan fyèf yo.

Se Inite tankou SWAT, SDPJ ak polisye DDO2 yo ki te akonpaye ekip anjen lou PNH la pou te fè travay demolisyon sa.

Yon lòt kote, enstitisyon an fè konnen operasyon yo ap rapouswiv pou kontinye kwape bandi nan nich yo.