Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

« Collectif Défenseur Plus » kondane zak latwoublay nèg ak zam an antre sid kapital la

« Collectif Défenseur Plus » di li kondane zak latwoublay nèg ak zam nan antre sid kapital la. Li mande otorite yo pou yo mete yon fen nan rigòl san k ap koule chak jou toupatou nan peyi a.

 

Nan yon kominike pou laprès li pibliye jedi 4 jen an, « Défenseur Plus » denonse perèz, zak latwoublay ak lanmò plizyè moun ki abite nan antre sid kapital Pòtoprens la ap viv depi plis pase yon semèn.

« Anpil nan yo paka rantre lakay yo akoz bandi ak zam deside lè yo vle ak jan yon vle pou yo fèmen tout yon zòn ki relye 4 depatman ak rès peyi a. Anpil lòt se bri bal sèlman yo ap tande k ap chante lajounen kou lanwit », Défenseur Plus sinyale. Òganizasyon di « li pa nòmal pou moun ap viv nan kondisyon sa e li pa janm konprann kijan otorite yo pa fè anyen sou pwoblèm ensekrite nan peyi ».

Yon lòt kote, « Défenseur Plus » fè konnen se avèk lapèn li aprann sitiyasyon sa lakoz plizyè moun blese e pèdi lavi yo, pami yo yon pwofesè lekòl. Nan sans sa, òganizasyon dwa k ap dwa moun nan kritike  konpòtman « manfouben otorite Leta yo devan afrontman gwoup ame yo nan gran ravin ak tibwa ki lakoz twòp dlo koule nan je popilasyon an ».

Pou « Défenseur Plus », anplis vyolans fizik k ap fèt sou popilasyon sa a, sitiyasyon sa ap gen gwo konsekans sou gwoup pi fèb yo, tankou timoun, moun ki malad, fanm ansent, ak ti pòv malere ki oblije deyò chak jou pou yo bouske lavi. « Lè n ap konsidere kalite imaj nèg ak gwo zam lage k ap sikile toupatou sou rezo yo, moun k ap rele mande sekou radyo, « Défenseur Plus » kwè sitiyasyon sa dwe sispans san pèdi tan ».

« Défenseur Plus » kondane zak nèg ak zam yo sou popilasyon nan antre sid kapital la, e li mande otorite yo pou chèche jwenn yon solisyon prese prese ak ensekrite sa ki gaye toupatou sou tèritwa a avan sa rive nan dènye bout li.

 

    Leave A Comment