Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

SIENAH mande pou minis Nesmy Manigat nome Enspektè ak Enspektris yo k ap travay ak yon lèt pwomosyon depi plizyè lane

Biwo Egzekitif Nasyonal Sendika Enspektè ak Enspektris Edikasyon Nasyonal Dayiti (SIENAH) mande minis Nesmy Manigat pou nome enspektè ak enspektris yo ki gen lèt pwomosyon nan men yo k ap travay depi plizyè lane.

Nan kad yon konferans pou laprès SIENAH te òganize jounen madi 19 avril 2022 a, responsab òganizasyon an te ekspoze diferan revandikasyon yo. Pami revandikasyon sa yo, responsab estrikti a mande nominasyon enspektè ak enspektris ki gen yon lèt pwomosyon nan men yo k ap travay depi plizyè lane, avan Ministè a te òganize konkou pou rekrite nouvo Enspektè preskolè, fondamantal ak segondè yo nan sistèm edikasyon an.

An plis, responsab yo mande pou peye aryere salè ak Enspektè ak enspektris yo dwe yo, san bliye kowòdonatè, kowòdonatris ak Prensipal k ap dirije BDS yo ki pa touche salè yo ta dwe touche.

Yon lòt kote, estrikti a mande pou korije yon erè ki genyen kote, yon Sansè ak yon Direktè Lise gen yon chè ap touche plis pase yon Enspektè ki gen responsablite administrativ ke yo nan sistèm edikatif la.

« Yon anseyan ki gen 3 chè touche plis pase yon Enspektè ak Enspektris. Sa montre aklè enkonpetans ak enpwovizasyon ekip ki nan tèt Leta peyi nou, poutan, Enspektè ak Enspektris yo jwe yon gwo wòl nan fonksyònman sistèm Edikatif ayisyen an », òganism lan deplore