Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Anketè ULCC yo desann nan lokal SNGRS la on lòt fwa ankò

Ayè jedi 15 jen 2023 a, anketè Inite kap batay kont kòripsyon (ULCC) desann nan lokal Sèvis Nasyonal kap jere fatra (SNGRS), nan kad yon ankèt y ap mennen sou jesyon finansyè ak administratif ekip k ap dirije bwat la.

Dapre enfòmasyon ki rive jwenn nou nan redaksyon Universel Magazine, anketè ULCC te debake nan lokal SNGRS la on lòt fwa ankò, ayè jedi 15 Jen 2023 a pou yo te ka verifye lis materyèl ki nan garaj enstitisyon an.

Pandan yo te nan espas la, anketè yo te pwofite pale ak kèk moun kap dirije enstitisyon an tankou administratris la sou ranfoulman ti kat debi plizyè anplwaye ap goumen depi plizyè mwa.

Fò n souliyen, Direktè jeneral SNGRS la, Germain Paulemond te fè konnen, entèvansyon ULCC a fè suit ak yon lèt Direktè jeneral enstitisyon kontwòl sila a, Me Jacques Hans Loudwige Joseph te voye ba li 15 novanm 2022 a kote li te mande pou l bay ULCC kopi sètifye kèk dokiman.