Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti-Operasyon polisyè : Yon bandi tonbe, 10 moun arete, yon zam rekipere ak yon machin konfiske

Polis nasyonal Ayiti a fè konnen nan kad operasyon ki te mennen jedi 20 oktòb 2022 a kont gang ame yo nan zòn Tòsèl, gen yon bandi ki tonbe nan echanj katouch, gen 10 lòt ki arete, yon zam rekipere e yon machin konfiske.

Nan kad batay kont banditis ak gang ame yo, Direksyon Depatmantal Lwès 2 a ap miltipliye operasyon nan zòn tankou Tòsèl, Swason, Merizye, Tapaj, pou derasinen endividi ame ki panse yo ka kenbe zòn sa yo annotaj.

Gen gwo deplwaman ki fèt nan katye sa yo jodi jedi 20 oktòb la pou trake mesye sa yo ki gen tandans kouri antre pifon nan kachèt yo chak fwa entèvansyon ap fèt pou derasinen yo.

Toutfwa, nan echanj kout zam avèk fòs lòd yo gen yon bandi ki tonbe, yon dizèn moun arete, yon machin bandi yo te volè ki rive konfiske ak yon zam ki pou enstitisyon Lapolis rive rekipere.

Daprè PNH la operasyon yo ap rapouswiv san kanpe jiskaske lapolis rive mete tout bandi nan wòl yo. Yon lòt kote enstitisyon polisyè a mande kolaborasyon chak sitwayen nan gwo batay sa.