Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti : OPL envite jèn yo pote kole nan mach pasifik k ap fèt mèkredi 29 desanm lan pou di non ak enpinite

Òganizasyon Pèp k ap Lite(OPL) envite tout jèn ak militan konsekan ki pare pou fè sakrifis pou kreye kondisyon chanjman nan peyi a, pote kole nan manifestasyon 29 desanm lan pou di yon lòt fwa non ak enpinite, ak lòt pwoblèm k ap ravaje sosyete ayisyèn nan.

Nan yon nòt pou laprès, òganizasyon an fè konnen ‘pou kontinye defann revandikasyon pèp ayisyen an ki se : garanti pou sekirite tabli sou tout tèritwa peyi a, rediksyon grangou ak lamizè k ap minen lavi popilasyon an, desizyon fèm pou fè enpinite kaba epi blayi jistis pou tout kouch nan sosyete a, Òganizasyon Pèp k ap Lite ap kore manifestasyon pasifik baz popilè yo anonse pou mèkredi 29 desanm lan’.

Yon lòt kote, òganizasyon an estime se sèlman nan kad yon veritab tranzisyon koupe fache ki sòti nan yon antant nasyonal, yon akò global ki pa nan lojik pataje gato pouvwa, ki ka pèmèt nou jwenn minimòm garanti sa yo. Se pou tèt sa, OPL kwè se yon devwa pou l sipòte tout demach ki vize konbat kadejak politik ki fèt sou pouvwa pèp la depi mwa jiyè pase a aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

« OPL kwè li dwe toujou bò kote pèp la nan tout konba pou jwenn amelyorasyon kondisyon lavi li. Nan mobilizasyon jounen mèkredi 29 desanm lan pou al mande Lakoudèkont arè debè kont dilapidè fon Petwokaribe a, pou di dirijan defakto nan tèt leta a si yo pa kab bay sekirite epi amelyore kondisyon lavi l, yo dwe retire kò yo, OPL ap la ».