Dark

Auto

Light

Dark

Auto

Light

Ayiti: Yon ansyen prezidan Konsèy Elektoral pwovizwa mouri ak maladi kowonaviris

Frantz Gérard Verret, yon ansyen prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, mouri ak maladi kowonaviris jodi dimanch 23 me a nan yon sant nan kapital la.

Daprè enfòmasyon yo, fanmi achitèk Frantz Gérard Verret te mennen l nan sant nan kapital la ki resevwa moun ki gen Covid-19 aprè li te fin prezante kèk sentom maladi a. Se nan sant sa ansyen kad KEP a an mouri aprè li fin pase plizyè jou ap pran swen. Li mouri nan lè 8tè nan maten jodi dimanch lan.

Frantz Gérard Verret, ki te prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a nan lane 2007 pou rive 2009, vin alonje lis moun ki mouri nan maladi a pou wikend lan an Ayiti. Chesnel Pierre, ansyen direktè jeneral ONA, pèdi lavi l aprè li te fin atrape maladi a vandredi 19 me a.

N ap siyale prezidan defakto Jovenel Moïse anonse eta dijans sanitè sou tout peyi a akoz ogmantasyon ka kontaminasyon kowonaviris yo depi plizyè jou sou tèritwa.

 

    Leave A Comment